MON DRAPEAU

MON DRAPEAU

"Lea Kokoye" de Maurice Sixto.


Ann gade avek Maurice Sixto


                Lea Kokoye!  Sonw fi, kite rete numero 13 rue lantèman, men lèn tande numero 13 la fòn pa kwè ke se sou devan pòt li numero a te make non, non! Lea pat reteee nan devantu. bon anvan m'antre avèk nou  nan fon lakou a kot Lea te rete a, tem koumanse pati ak nou depi devantu a.

                Devan kay la sete yon boutik salezon, yon gran galri. anro bout galri a yon fanm yo rele sòtèsi, tèt li toujou mare, pip li nan dyòl li, tanzantan l'voye yon krache tchiu, liiiii van tabak an poud. li gon ti bwèt kotel tou, toujou gen 6 boutèy mabi. tou kole sòtèsi a, gen grann Nanna, li gen yon bak kenkay. Grann Nanna vann imaj sent, tou orezon, chaplè, meday, bouji tout koulè. Siw bezwen bagay sa yo se sou grann Nanna pouw dirigew. Aprè grann Nanna, gen yon ti gason avèk yon chemizèt tout koulè sou li, frèt chach li byen kanpe, paskel san kanson, lap kase yon grenn zanmann ak yon moso brik. Li gon tifi kanpe devan ni, ki sot lekol repiblik venezuela, akkk... karant liv lanmidon nan ti uniform ni. tifi a gon-w malozye, lap siye jel avèk yon mouchwa sal, lap tann tigason an kase grenn zanmann nan poul bal ti kal. Ou avanse, pot boutik salezon an gon-w pentu annagoni sou li. Kochèt yo ajense, men lèw fè sa  wap antre ou wè tifi andedan an, yo gra tankou timoun ki ret kay mè. figu yo potre lalun kap balize deyè mòn. Nan boutik salezon an yo vann aran barik, aran sò, aran sèèèl, boeuf sale, andwiyèt, ti sale, pye kochon, frèz, se salezon yon moun ka bezwen. Sou kote boutik salezon an atò, se la a pral pran pouw antre nan lakou a. Gon-w rigòl ki gen yon lemous vèt landan ni, ak ansyen bwèt konbif, bwèt sadin, bwèt lèt evapore, enm! ma kafe, de gro ravèt kap soti nan bagay sa yo. Antre nan lakou a, nap mache, aprè boutik salezon an, se boutik yon bòs kòdonye, bòs silus. Son-w nonm kap bat twi depi kòk chante pou jous onzè du swa.Silus sou trannde jwè yo lòw dil bonjou, ou wè se yon jwè selmanl rete, nanpwen dan nan bouch li. Madan bòs silus se yon fanm vanyan, manzè miraya, li chita deyò a lap vann yon akasan klèrèt. Lap bay bòs silus yon kout men. Yon timoun nan lakou a vinn devan li avèk yon assyèt emaye dekale, yo vinn achte akasan. yo depoze jwèt yo la, jwèt timoun sa yo, se boul ki fèt ak grenn ba dechire, yo foure po zaboka ladan li, bwa bale ki gon-w bout kouvètu mamit mantèg kloure pou fè lawoulèt yo, se jwèt pa yo sa. Lakou a chage, lakou plen moun, madigra mele ak bonmas, marengwen ap vole ou paka... rekonèt ni mal ni femèl. wape mache moute, palab nan lakou a. Ou janbe... yon lòt koridò ankò, twa latrin... blop!!! ou rive kay Lea Kokoye.

                Men se pa la Lea te toujou rete non! se lavi ki pran men Lea ki mennenl la. Lea te rete lafleu du chene, le papal te kanpe, le papal te koutye sou bòdmè. Men... papal vin mouri, labou rete kouran. Li vinn rebondi la a, avèk manman li m'cht... kap soufri rumatis, twa ti frè de ti sè nan ti kay la andedan. Kay la pa plafonnen. chèz yo, yo paka kanpe poukont yo, se apiye yo apiye chèz yo nan panno kay la. li la sou yon machin nasyonal yon fil, se lik rele, se lik reponn. Se li ki gen tout chay la sou dol. Se sou machin nan poul jwenn lajan lweye kay la, poul bay deryen moun andedan kay manje. Lè tout je leve louvri le maten, se Lea yo gade. Li la, sak te konnen yo pa vini anko, pwiske kotek gen bouyon se lak gen kenbe tèt. Poul ki te konn vinn manje devan pot yo pa vinn manje ankò, pwiske nanpwen diri kap vannen pou di ti grenn ta tonbe atè pou poul la ta beke. Lea la, lape boule lap fè kouti, kouti pakoti. Li fè de chemiz, ayyy!!! mt! li fè soutyen gòj ki sanble grep kafe, mt! li la. Se li menm ki responsab tout sak fèt nan ti kay la, plis tèt li tou. mt! nan lakou a yo renmen ni, yo pa renmen ni, sak trouve li pat dwe la, sa kap fè chwichwichwi yo, men li menm, lap deboule.

                Yon jou, pandan Lea la a nan ti kay la ak manman an, li gon-w kolik mizè rere ki pranl. Men! kolik pi pa rete ak kolik! mt li kòdeeee... ah! lap vire devan machin nan. Manman an bal men yo trennenl sou kabann nan... Nou rele sa kabann! rele sa kouri kite, paske son-w waf, si yap kouri, yo paka pranl pou sòti ak li. Metel la, lap rann de gout swè figul sanble on kouvètu yon bonm pwa kap bouyi, ou leve kouvètu a. Manman vire andedan an la, li rele yon vwazin tou pre, yo vini avèk po lay, fèy pete vye granmoun, riklès mant, dènye bagay la pou yo wè si yo ta bal yon souf, men kolik la ap manje li. Yon ti moman, Lea resi pran yon souf. Yon kòmèl ki rive avèk  yon arawout lanmidon, yon lot parèt avèk yon ti panad pou wè si ya fèl soutni. Anfen kay plen moun, nanpwen kay deja! andedan an plen. Si se youn nan bagay yo fè pou li yo ki bal yon souf, men Lea manyè chita, leul chita, lap gade manman an, lap vire gade la a, li wè, li manke ale hum!!! pou janl te santil. Moun yo kòmanse devide, de twa k'rete. Gen yon vwazin ki rele manman an li dil konsa "lamè! m! adye! mwen nan plas ou m! on de goud fèt pou jete, m!. gen delè fow met pyew nan dlo wi! mm! ou pa janm konnen, pou ti kouti a lap fè la a, pechè d'la tè de bra balanse tèlman pa bon. Ou pa janm konnen petèt son-w bagay yo ka met pou li".

                Lè tout moun vire do yo yale. Manman di Lea, Machè kitem diw yon bagay, papa ou pat montre nou chemen konsa. Se toujou chemen doktèl montre nou. Ou pa kapab gen kalite kolik saw genyen an se pouw met rad sou ou, wa jwenn moun mennen ou, wal wè deki prevyen. Koman ou fe ka gen kalite kolik sa a! si bagay sa a pranw nan nwit pitit kijan wap fè? Nou pa ka fè lòt wout maladi gen on sèl wout! sa ou fè moun pou moun te trouve ap fèw bagay... RET BRANCHE

3 commentaires:

  1. mwen renmen istwa a,mesi paske nou te edem konprann istwa leye kokoye a pi byen toujou!

    RépondreSupprimer
  2. Montre'm reyalite sosyal,politik,ekonomik moris te vle pwouve nan lodyans leya kokoye

    RépondreSupprimer
  3. Nan lodyans Moris Alfredo siksto, li montre reyalite peyi a, pandan l pase yon pakèt chemen pou l bay selman adrès lea.
    Se yon istwa ki tris anpil men ki pote bon legzanp

    RépondreSupprimer

Duplan

Duplan